27/10/2026
🌧️ METEYOWOLOJI: PWOTEKSYON SIVIL LEVE TOUT ALÈT SOU PEYI A
Peyi a pa anba alèt meteyowolojik ankò, men Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an pou l rete vijilan.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC), ansanm ak Sekretarya Pèmanan pou Jesyon Risk Dezas yo, anonse madi 27 oktòb 2026 la leve tout alèt meteyowolojik ki te an vigè sou teritwa ayisyen an.
Dapre otorite yo, alèt oranj la leve nan depatman Lwès, Grandans, Nip, Sid ak Sidès, pandan alèt jòn nan leve pou Nòdwès ak Latibonit.
Malgre amelyorasyon kondisyon meteyowolojik yo, enstitisyon yo fè konnen lapli ka kontinye tonbe nan kèk depatman pandan jounen madi a ak demen mèkredi a.
Nan sikonstans sa a, Pwoteksyon Sivil lanse yon apèl bay popilasyon an, sitou moun k ap viv nan zòn ki gen gwo risk inondasyon, glisman tè ak eboulman, pou yo kontinye pran prekosyon, rete vijilan epi respekte tout konsiy sekirite yo.
Sous: Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC)